Special Note:

Short Story Incubator—Application deadline extended to Monday, July 29 at 11:59pm ET.

Apply Today! mdi-close
Skip to Content

Welcome!

If this is your first time logging in on our new website, please first!

Log-In

Forgot your password?

Don't have a Grub profile?

Enter your email and we'll send you directions on setting (or resetting) your password.

Submit

Wait, I remembered! Let me .

Enter your your details to create a new account. To finish activating your account, please check your email for an activation link before you log-in.

Create your account here. Later you can fill out your full profile.

Sign-Up

Nevermind. I just need to .

Community & Neighborhood Programs (Enfòmasyon an kreyòl ayisyen)

Leson Ekri Toupre Ou

Leson Ekri Toupre Ou gen on konsantrasyon espesyal pou fè atelye sou kreyativite lan ekri (creative writing) vin pi aksesib pou moun ki pa tèlman reprezante nan domenn ekri akòz de pri klas yo, rasis, estati imigrasyon, aksè lang, pa ase aksè pou transpòtasyon, ak lòt baryè ankò. Nou kwè ke vwa sa yo merite anpil enpòtans ak atansyon e yo dwe tande yo.

Yo ofri pwogram sa yo gratis gras a sipò e grann jenerozite on seri benefaktè ki angaje nan misyon nou ki se pou asire tout vwa tande, moun gen lavwa ochapit.

Klike sou lyen anba a pou enskri pou yon klas. Desann piba pou wè deskripsyon klas yo ak pou rankontre enstriktè(tris) yo.

Kalite/Tip de klas yo

Ou vle pran on klas ekri kreyatif (creative writing), men ou pa sèten ki kote pou kòmanse? Jwenn enspirasyon lan on sesyon GRATIS nan bibliyotèk lokal ki pi pre ou! A prezan, yo ofri twa (3) kalite pwogram. Tout klas akeyi nouvo ekriven ak sila ki pi eksperimante ka p pratike ekri yo.

  • Klas Kote Ou Annik Parèt: Pou apeprè 1 èdtan, ou ap rankontre ekriven parèy ou, epi aprann rakonte istwa ou atravè on seri egzèsis enteresan, swa fiksyon, nonfiksyon, pwezi, epi pafwa lòt jan (genre) oswa fòm literè.
  • Klas plizyè semèn: Klas 2 èdtan sa yo reyini chak semèn pou twa a sis semèn. Reyinyon regilye sa yo pèmèt elèv yo gen plis tan pou pataje travay, epi bay ak resevwa ti komantè ouswa fidbak (feedback). Elèv yo li ak diskite ekstrè travay ke nouvo otè ak sila ki gen plis esperyans ekri. Lèfinitou, elèv yo eseye ekzèsis ekri ki apwofondi, epi elaji ak devlope pwòp ekri pa yo.
  • *Ou Nouvo! Mande yon ekriven: Orè Biwo* - Lè sa yo ouvè a nenpòt moun ki vle mande yon enstriktè on kesyon sou on pwojè ekri, resous, opòtinite, pwochen klas, ak ti konsèy. Sèlman vini nan bibliyotèk la epi enskri pou yon blòk 20 minit maksimòm (max). Malerezman, li pa posib pou fè rezèvasyon alavans. Blòk lè biwo a genyen fonksyone dapre moun ki vin avan; an enmo, premye vini, premye sèvi.

Rankontre Enstriktè

Enzo Silon Surin

Enzo Silon Surin se on powèt ayisyen, otè, edikatè, moun kap pibliye, e avoka/defansè sosyal. Li posede on metriz (Master of Fine Arts) nan Kreyativite nan Ekri (Creative Writing) lan Inivèsite Lesley (Lesley University). Mr. Surin se on pwofesè angle ak grad Associate Professor nan Bunker Hill Community College.