Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
Leson Ekri Toupre Ou
Leson Ekri Toupre Ou gen on konsantrasyon espesyal pou fè atelye sou kreyativite lan ekri (creative writing) vin pi aksesib pou moun ki pa tèlman reprezante nan domenn ekri akòz de pri klas yo, rasis, estati imigrasyon, aksè lang, pa ase aksè pou transpòtasyon, ak lòt baryè ankò. Nou kwè ke vwa sa yo merite anpil enpòtans ak atansyon e yo dwe tande yo.
Yo ofri pwogram sa yo gratis gras a sipò e grann jenerozite on seri benefaktè ki angaje nan misyon nou ki se pou asire tout vwa tande, moun gen lavwa ochapit.
Klike sou lyen anba a pou enskri pou yon klas. Desann piba pou wè deskripsyon klas yo ak pou rankontre enstriktè(tris) yo.
Kalite/Tip de klas yo
Ou vle pran on klas ekri kreyatif (creative writing), men ou pa sèten ki kote pou kòmanse? Jwenn enspirasyon lan on sesyon GRATIS nan bibliyotèk lokal ki pi pre ou! A prezan, yo ofri twa (3) kalite pwogram. Tout klas akeyi nouvo ekriven ak sila ki pi eksperimante ka p pratike ekri yo.
Klas Kote Ou Annik Parèt: Pou apeprè 1 èdtan, ou ap rankontre ekriven parèy ou, epi aprann rakonte istwa ou atravè on seri egzèsis enteresan, swa fiksyon, nonfiksyon, pwezi, epi pafwa lòt jan (genre) oswa fòm literè.
Klas plizyè semèn: Klas 2 èdtan sa yo reyini chak semèn pou twa a sis semèn. Reyinyon regilye sa yo pèmèt elèv yo gen plis tan pou pataje travay, epi bay ak resevwa ti komantè ouswa fidbak (feedback). Elèv yo li ak diskite ekstrè travay ke nouvo otè ak sila ki gen plis esperyans ekri. Lèfinitou, elèv yo eseye ekzèsis ekri ki apwofondi, epi elaji ak devlope pwòp ekri pa yo.
*Ou Nouvo! Mande yon ekriven: Orè Biwo* - Lè sa yo ouvè a nenpòt moun ki vle mande yon enstriktè(tris) on kesyon sou on pwojè ekri, resous, opòtinite, pwochen klas, ak ti konsèy. Sèlman vini nan bibliyotèk la epi enskri pou yon blòk 20 minit maksimòm (max). Malerezman, li pa posib pou fè rezèvasyon alavans. Blòk lè biwo a genyen fonksyone dapre moun ki vin avan; an enmo, premye vini, premye sèvi.
Branch Bibliyotèk Piblik Boston lan Egleston
Branch Bibliyotèk Piblik Boston lan Mattapan
Branch Bibliyotèk Piblik Boston lan East Boston
*Ou Nouvo! Mande yon ekriven: Orè Biwo*
Lè sa yo ouvè a nenpòt moun ki vle mande yon enstriktè(tris) on kesyon sou on pwojè ekri, resous, opòtinite, pwochen klas, ak ti konsèy. Sèlman vini nan bibliyotèk la epi enskri pou yon blòk 20 minit maksimòm (max). Malerezman, li pa posib pou fè rezèvasyon alavans. Blòk lè biwo a genyen fonksyone dapre moun ki vin avan; an enmo, premye vini, premye sèvi.
Schedule
Rankontre Enstriktè(tris)
Enzo Silon Surin
Enzo Silon Surin se on powèt ayisyen, otè, edikatè, moun kap pibliye, e avoka/defansè sosyal. Li posede on metriz (Master of Fine Arts) nan Kreyativite nan Ekri (Creative Writing) lan Inivèsite Lesley (Lesley University). Mr. Surin se on pwofesè angle ak grad Associate Professor nan Bunker Hill Community College.